samedi 7 novembre 2015

Nido nan pwoblem, 23e epizod

Venntwazyèm epizòd


 Venntwazyèm epizòd

Yon bèl kou, yon bèl jwèt: mal kalkile

Si’m ta di’w, ou pap kwè men tout bagay te byen aranje. Tande non, se bagay ou pa tap janm panse wi ant Nadin e Molyè.
-          Mwen te fè tout sa m kapab mwen pa rive reyisi sista, Molyè di.
-          Kanmèm, se byen. Nadin reponn.
-          Men jan’m di’w la, Katyana entèdi li rekontakte li.  E sa ki te etone m, se paske m wè li sonje ti non Ema a.
-          Katyana tèlman gen non, m pa kwè l pap fè yon diksyonè yon lè. Sèl sa m konnen, Sacha pap dakò retounen ak Nido pou zafè pitit sa a.
-          Men Nadin, Katyana di pitit la pa pou li.
-          Wi, e kòman Sacha ap fè konnen ke se pa pitit li li ye vre ?
-          Bon, se fasil paske li pa pititi li vre. Yon jou kanmèm, lap konnen.
-          Lè sa a, l’ap two ta. Sacha ka gentan marye.
Molè ranje kò li, li di Nadin konsa:
-          Ou konnen kisa mwen pa ka fin konprann ? Poukisa ou oblije fè tout sa jis pou’w anpeche Sacha retounen ak Nido alòske’w konnen ke Nido pap janm aksepte’w kòm menaj li ?
-          W’ap konprann lè’w sonje ki kontra nou te siyen.

Akoz kèk sekrè ke sèl Nadin konnen de Molè, li manipile li jan li vle jis pou l rive genyen tou sa li vle. Nadin sanble pa deside kite Nido ak Sacha viv byen. L’ap jwe tout kou pou l gate sa. Kòm nou te wè sa titalè a, Nido te devan baryè a. Li fè 10zè nan maten.
Pou kòmanse, jeran an pat la. Nido file dwat tankou koulèv, li antre nan lakou a. Li salye mant Imèn ki reponn li ak yon demi-souri. Aprè salitasyon an, Nido tou pè, li mande :
-          Sacha pa la silvouplè ?
-          E kilès ki te di’w li an Ayiti?
-          Mwen te pale ak li yè.
-          Se sa. E poukisa ou bezwen wè li menm ?
-          …..Mwen te jis vle pale ak li.
-          Ebyen li pa la non Nido, se sa ? Se konsa’w rele pa vre ?
-          Wi, …alò, lè li vini w’a di l mwen te pase kote li silvouplè.
-          M’ap fè sa.
-          Male wi, pase bòn fen jounen.
-          Mèsi. Ou menm tou.

Gadon sezisman! Nido pa konn ki pye pou li mete devan pou l soti. Misye ap tranble, l’ap voye je agoch adwat. Mant Imèn t’ap koud yon wòb, li fè yon ti kanpe epi li mande Nido :
-          Kòman ? Ou pèdi wout la Nido ? Men baryè a wi, se la ou te pase antre wi e ou te kite li tou ouvè.
-          A bon, wi mèsi.
Mant Imèn souke tèt li. Pandan Nido prèske fin soti deyò, Mant Imèn rele li.
-          Nido ?
-          Wi, manmi.
-          Vini mwen di’w yon ti koze.
Ak tout perèz, Nido apwoche san ezite tankou yon timoun.
-          Men mwen wi.
Mant Imèn depoze wòb la la, li kwaze bra li.
-          Ou ka di m finalman poukisa ou renmen pitit fi mwen an ?
San zatann, Nido bay Mant Imèn yon repons ki etone li anpil.
-          Franchman, fòm mwen ta jwenn yon chèz pou’m chita, paske imedyatman mwen fin rakonte’w tout rezon yo, m’ap tonbe.  
-          Se pa ak Sacha non w’ap pale la a Nido. Apa timoun pa respekte granmoun ankò?
-          Poukisa manmi Imèn, se yon verite mwen di’w. Si jodi a gen moun ki chwazi mouri nan bay manti, mwen wè li pi enpòtan pou m ta mouri pou verite.
-          Mmm!
Manti Imèn dekwaze bra li. Li leve, li antre san li pa di Nido anyen. Deyò a, Nido pa konprann poukisa li fè sa e kisa li antre al pran. Petèt yon baton, yon zam oubyen….Antouka, Nido pa fè yon pa. Li rete la ap tann sa k’ap vini an.

Kèk minit aprè, Mant Imèn soti ak Sacha. Kè Nido fè wap. Li pa souri paske li wè Mant Imèn bay yon vye min. Kisa li pral di ?
-          Men mesye sa a ki te vin kote’w. Mwen vle nou chita kote’m nan pou nou di sa nou gen pou nou di a.
Woy ! Sacha boude :
-          Poukisa manman ? Se konsa w’ tap dakò manman’w fè?
-          Non, men mwen bezwen wè poukisa mwen pa tap dakò.

Nido kouri pran lapawòl.
-          Sacha, nou pa gen pyès sekrè pou nou kache. Mwen renmen’w ou konn sa. Malerezman, mwen pat aji byen anvè ou. Mwen te twonpe ou, e mwen regrèt sa. Men sa aprann mwen anpil leson. Mwen p’ap sèmante ni mwen p’ap fè ipokrizi. Men mwen konnen ke Bondye temwen de santiman mwen ki reyèl pou ou. ….Mwen kwè se sa manman’w te vle tande.
Silans ! Sacha ret bouch ouvè. Manti Imèn ap gad Nido fiks. Li di:
-           Oke, pa gen pwoblèm. Pou koulye a, sa sifi.
Mant Imèn deplase, li kite mesye dam yo ansanm. Sacha pa kwè sa li sot wè ni tande. Li desann kote li te ye sou galri kote Mant Imèn lan, li apwoche vin jwenn Nido. Fòw ta la pou’w ta wè.  Fas a fas, je nan je…n’ap swiv.
-          Tu es tellement belle Sacha. En vérité, je ne crois pas que c’est toi qui es là. Tu as beaucoup changé. Je ne te connais plus.
Sacha ap souri, li pa ka gade Nido nan je. De tanzantan, l’ap manyen ti men li. M ! Sa fè lontan. Nido tou pwofite papa !
-          Di mwen avan menm mwen deplase la a, èske ou padone mwen Sacha. Se repons ak kesyon sa a ki pi enpòtan pou moman sa a. E si’w pa p fè l ak tout kè ou, pa banm manti.
Sa a pi bèl. Ou kwè mant Imèn p’ap gade nan fenèt la ? Granmoun dezòd. Sacha pa wè sa pou l fè ke kriye an silans. Epi li di :
-          Mwen kwè se pou premye fwa mwen pral padone yon moun ki fè’m mal paske se pou premye fwa tou mwen jwenn yon moun ki montre li renmen m. Mwen konnen mwen fè’w anpil mal jis ou te rive pèdi tèt ou. Se te jis pou’m vanje. Se pa mwen ki te deside pati jan sa te rive a, men mwen te kontan paske m te toujou ankòlè. Men lè m te rive, touswit mwen te kòmanse santi mwen koupab. Se sa ki fè’m te prè pou’m tiye tèt mwen.
Wouu papa ! Nido kòm bon jènn jan, pran men Sacha, li al chita anba lòt galeri a. La a, se san parèy.
-          Tande Sacha!  Mwen pa gen pitit vre. Fi yo di ki se manman pitit mwen an di se pa vre e li mete entèdi pou m ta rekontakte li.  M konnen li pap fasil pou’w kwè’m men se sa li dim.
-          Si ou pa gen yon prèv, kòman mwen menm m’ap ka fè genyen li ?
-          Wi, ou ka genyen li. (Yon moun ki fèk parèt tou cho tou bouke di sa. Kilès sa ?)
-          Molè ? Sa w’ap fè la a ? Kòman’w fè antre ? Nido mande li.
-          Se kiyès sa Nido? E fi sa a kilès?
-          Ema? Kisa….
Men zen! Molè pran lapawòl.
-          Mwen te wè baryè a ouvè, mwen te oblije antre san frape paske m te tande vwa ou ki t’ap pale.
-          E kisa’w vin fè ak Ema la?
-          Se pa Ema laa? E kijan ou fè konnen se la a mwen ye?
-          Se fasil. Mwen te pase lakay ou, mwen pa wè’w. Mwen te jwenn Djeri ki t’ap soti nan kay ou a. Mwen eksplike li sa m te vle fè a, li dim se la ou t’ap vini maten an. Vwala.
Sacha kwaze de bra li, l’ap koute chak moun k’ap pale paske li pa konnen youn ladan yo ni li pa konnen sijè y’ap pale a.

Aucun commentaire:

Publier un commentaire