Venntwazyèm epizòd
Venntwazyèm epizòd
Yon bèl kou, yon bèl jwèt: mal kalkile
Si’m ta di’w, ou pap kwè men tout bagay te byen aranje.
Tande non, se bagay ou pa tap janm panse wi ant Nadin e Molyè.
-
Mwen te fè tout sa m
kapab mwen pa rive reyisi sista, Molyè di.
-
Kanmèm, se byen. Nadin
reponn.
-
Men jan’m di’w la,
Katyana entèdi li rekontakte li. E
sa ki te etone m, se paske m wè li sonje ti non Ema a.
-
Katyana tèlman gen
non, m pa kwè l pap fè yon diksyonè yon lè. Sèl sa m konnen, Sacha pap dakò
retounen ak Nido pou zafè pitit sa a.
-
Men Nadin, Katyana di
pitit la pa pou li.
-
Wi, e kòman Sacha ap
fè konnen ke se pa pitit li li ye vre ?
-
Bon, se fasil paske li
pa pititi li vre. Yon jou kanmèm, lap konnen.
-
Lè sa a, l’ap two ta. Sacha ka gentan marye.
Molè ranje kò li, li di Nadin konsa:
-
Ou konnen kisa mwen pa
ka fin konprann ? Poukisa ou oblije fè tout sa jis pou’w anpeche Sacha
retounen ak Nido alòske’w konnen ke Nido pap janm aksepte’w kòm menaj li ?
-
W’ap konprann lè’w
sonje ki kontra nou te siyen.
Akoz kèk sekrè ke sèl Nadin konnen de Molè, li manipile li
jan li vle jis pou l rive genyen tou sa li vle. Nadin sanble pa deside kite Nido ak Sacha viv byen. L’ap
jwe tout kou pou l gate sa. Kòm nou te wè sa titalè a, Nido te devan baryè a.
Li fè 10zè nan maten.
Pou kòmanse, jeran an pat la. Nido file dwat tankou
koulèv, li antre nan lakou a. Li salye mant Imèn ki reponn li ak yon
demi-souri. Aprè salitasyon an, Nido tou pè, li mande :
-
Sacha pa la
silvouplè ?
-
E kilès ki te di’w
li an Ayiti?
-
Mwen te pale ak li yè.
-
Se sa. E poukisa ou
bezwen wè li menm ?
-
…..Mwen te jis vle
pale ak li.
-
Ebyen li pa la non Nido,
se sa ? Se konsa’w rele pa vre ?
-
Wi, …alò, lè li vini
w’a di l mwen te pase kote li silvouplè.
-
M’ap fè sa.
-
Male wi, pase bòn fen jounen.
-
Mèsi. Ou menm tou.
Gadon sezisman! Nido
pa konn ki pye pou li mete devan pou l soti. Misye ap tranble, l’ap voye je
agoch adwat. Mant Imèn t’ap koud yon wòb, li fè yon ti kanpe epi li mande
Nido :
-
Kòman ? Ou pèdi
wout la Nido ? Men baryè a wi, se la ou te pase antre wi e ou te kite li
tou ouvè.
-
A bon, wi mèsi.
Mant Imèn souke tèt li. Pandan Nido prèske fin soti deyò,
Mant Imèn rele li.
-
Nido ?
-
Wi, manmi.
-
Vini mwen di’w yon ti
koze.
Ak tout perèz, Nido apwoche san ezite tankou yon timoun.
-
Men mwen wi.
Mant Imèn depoze wòb la la, li kwaze bra li.
-
Ou ka di m finalman
poukisa ou renmen pitit fi mwen an ?
San zatann, Nido bay
Mant Imèn yon repons ki etone li anpil.
-
Franchman, fòm mwen ta jwenn yon chèz pou’m chita, paske
imedyatman mwen fin rakonte’w tout rezon yo, m’ap tonbe.
-
Se pa ak Sacha non
w’ap pale la a Nido. Apa timoun pa respekte granmoun ankò?
-
Poukisa manmi Imèn,
se yon verite mwen di’w. Si jodi a gen moun ki chwazi mouri nan bay manti, mwen
wè li pi enpòtan pou m ta mouri pou verite.
-
Mmm!
Manti Imèn dekwaze bra li. Li leve, li antre san li pa di Nido anyen. Deyò a, Nido pa konprann
poukisa li fè sa e kisa li antre al pran. Petèt yon baton, yon zam
oubyen….Antouka, Nido pa fè yon pa. Li rete la ap tann sa
k’ap vini an.
Kèk minit aprè, Mant Imèn soti ak Sacha. Kè Nido fè wap. Li
pa souri paske li wè Mant Imèn bay yon vye min. Kisa li pral di ?
-
Men mesye sa a ki te
vin kote’w. Mwen vle nou chita kote’m nan pou nou di sa nou gen pou nou di a.
Woy ! Sacha boude :
-
Poukisa manman ?
Se konsa w’ tap dakò manman’w fè?
-
Non, men mwen bezwen
wè poukisa mwen pa tap dakò.
Nido kouri pran lapawòl.
-
Sacha, nou pa gen pyès
sekrè pou nou kache. Mwen renmen’w ou konn sa. Malerezman, mwen pat aji byen
anvè ou. Mwen te twonpe ou, e mwen regrèt sa. Men sa aprann mwen anpil leson.
Mwen p’ap sèmante ni mwen p’ap fè ipokrizi. Men mwen konnen ke Bondye temwen de
santiman mwen ki reyèl pou ou. ….Mwen kwè se sa manman’w te vle tande.
Silans ! Sacha ret bouch ouvè. Manti Imèn ap gad Nido fiks. Li di:
-
Oke, pa gen pwoblèm. Pou koulye a, sa sifi.
Mant Imèn deplase, li kite mesye dam yo ansanm. Sacha pa
kwè sa li sot wè ni tande. Li desann kote li te ye sou galri kote Mant Imèn
lan, li apwoche vin jwenn Nido. Fòw ta la pou’w ta wè. Fas a fas, je nan je…n’ap swiv.
-
Tu es tellement belle
Sacha. En vérité, je ne crois pas que c’est toi qui es là. Tu as beaucoup
changé. Je ne te connais plus.
Sacha ap souri, li pa ka gade Nido nan je. De tanzantan,
l’ap manyen ti men li. M ! Sa fè lontan. Nido tou pwofite papa !
-
Di mwen avan menm mwen
deplase la a, èske ou padone mwen Sacha. Se repons ak kesyon sa a ki pi enpòtan
pou moman sa a. E si’w pa p fè l ak tout kè ou, pa banm manti.
Sa a pi bèl. Ou kwè mant Imèn p’ap gade nan fenèt
la ? Granmoun dezòd. Sacha pa wè sa pou l fè ke kriye an silans. Epi li
di :
-
Mwen kwè se pou premye
fwa mwen pral padone yon moun ki fè’m mal paske se pou premye fwa tou mwen
jwenn yon moun ki montre li renmen m. Mwen konnen mwen fè’w anpil mal jis ou te
rive pèdi tèt ou. Se te jis pou’m vanje. Se pa mwen ki te deside pati jan sa te
rive a, men mwen te kontan paske m te toujou ankòlè. Men lè m te rive, touswit
mwen te kòmanse santi mwen koupab. Se sa ki fè’m te prè pou’m tiye tèt mwen.
Wouu papa ! Nido kòm bon jènn jan, pran men Sacha,
li al chita anba lòt galeri a. La a, se san parèy.
-
Tande Sacha! Mwen pa gen pitit vre. Fi yo di ki se manman
pitit mwen an di se pa vre e li mete entèdi pou m ta rekontakte li. M konnen li pap fasil pou’w kwè’m men se sa
li dim.
-
Si ou pa gen yon prèv,
kòman mwen menm m’ap ka fè genyen li ?
-
Wi, ou ka genyen li. (Yon
moun ki fèk parèt tou cho tou bouke di sa. Kilès sa ?)
-
Molè ? Sa w’ap fè
la a ? Kòman’w fè antre ? Nido mande
li.
-
Se kiyès sa Nido? E
fi sa a kilès?
-
Ema? Kisa….
Men zen! Molè pran lapawòl.
-
Mwen te wè baryè a ouvè, mwen te oblije antre san frape paske
m te tande vwa ou ki t’ap pale.
-
E kisa’w vin fè ak
Ema la?
-
Se pa Ema laa? E
kijan ou fè konnen se la a mwen ye?
-
Se fasil. Mwen te
pase lakay ou, mwen pa wè’w. Mwen te jwenn Djeri ki t’ap soti nan kay ou a.
Mwen eksplike li sa m te vle fè a, li dim se la ou t’ap vini maten an. Vwala.
Sacha kwaze de bra li, l’ap koute chak moun k’ap pale
paske li pa konnen youn ladan yo ni li pa konnen sijè y’ap pale a.