« NIDO NAN PWOBLÈM »
Swit #20
Se menm moman an, mèt afè a vin pa
parèt.
-
O o, sa ki gen la a? Ak kilès w’ap
pale la a Molè? Mwen genlè avèg?
-
Se mwen menm Nido, Ema.
-
A bon, ou sonje yon non konsa ?
Mwen, m tèlman bliye’w ke m te panse ke se te zonbi’w mwen te wè. Pwiske m
konnen Molè vivan, m sipoze ke ou vivan toujou. Di m non, ki van ki mennen ou
isit la ?
-
Mwen te vle wè ou Ema, paske sa fè
lontan.
-
Ou si ke se mwen ou te bezwen wè ?
Nan lespri Ema, li panse Nido t’ap
chache kèk fi nan zòn nan. Li pa panse ak pitit la.
-
Wi, Ema men m te plis vle wè pitit mwen an.
-
Kisa? Pitit ou a? Ki pitit ?
Djeri reponn ak kè kase.
-
Pitit ki nan men’w lan, se pa pou mwen Ema?
-
Pou ou, kilès ki t’ap fèw gras sa
a ? Mwen menm wi. Ou genlè pèdi tèt ou, franchman.
-
Men Molè di mwen se pitit pa m li ye,
Bon, Nido kòmanse depale. Li gade Molè
ki bese tèt li. Ema ap pale ak Molè.
-
An sa vle di, se ou ki fè’mtravay sa a
Molè. M bò’w diplòm ou.
-
Se pa fòt mwen Ema. Mwen regrèt sa.
-
Wi, ou toujou regrèt.
Nido pa ka konprann, li pa kwè sa li sot
tande a. Nan menm moman an, annou swiv Sacha ak Nadin k’ap pale nan telefòn.
-
Mwen byen kontan repale avèk ou paske ou
pat gentan dim koze a.
-
Se pa telefòn mwen non, yon minit yo
banm. Men sa m t’ap di’w. Nido gen yon pitit
tande.
-
Kisa ou dim la a Nadin ? Epi ou te
konn tout bagay sa yo, ou pa janm di m sa. Ou kite tout sa yo fin pase, se
koulye a ou chwazi di sa ?
-
Mwen t’ap di’w sa men okazyon an pat ko prezante Sacha.
-
O wi. Antouka mèsi anpil.
-
Dakò, m’ale.
-
Oke Nadin.
Sacha dekonstwonbre. Sa fè li pa gen
anvi ankò pou Nido plis pase avan. Li regrèt sitou pou desizyon li te pran pou
retounen ak Nido epi gade nan ki pyèj li ta pral pran.
Ann retounen bò kote Nido ak Ema.
Sakap pase menm?
-
Koute Nido. Menmsi pitit sa a ta pou ou,
mwen pa t’ap ba ou li paske ou pa merite pote non « papa ».
-
E kòman ou ka eksplike ke li pa pou
mwen ?
-
Rete ! Ebyen se pa mwen ki manman
an ankò? Se foli ou genyen pou’w papa pitit ? Mwen te ka ansent pou ou
vre, men se domaj, nan sikonstans nou te rankontre a, se t’ap yon desepsyon pou
mwen. M pa konn kisa mwen ta pral di pitit mwen an lè li grandi.
-
Ou t’ap di li verite Ema. Se senp.
-
Pou ou, se trè senp menm. Antouka, mwen
swete ou pa fè plis demach pou’w ta rive fè papa pitit mwen an doute de mwen.
Mwen garanti’w m’ap fè tout sa ki posib pou’m fèw peye sa. Apati de jodi a, pa
janm chache wè mwen ankò.
-
Dakò Ema. Kanmèm, mèsi paske se yon bòn
nouvèl ou ban mwen. Ou p’ap janm wè mwen ankò. Mwen fè ou pwomès sa a.
Nido vire, li kòmanse souri. L’ap mache
an souriyan, li ta menm vle kouri. Li sot resevwa yon bòn nouvèl ke li pral
anonse ak Djeri, answit ak Sacha. E se sa ki pral mete fen ak tout barikad,
tout pwoblèm, tout sousi.
Men, tout moun pa gen menm enfòmasyon. Si
gen bòn nouvèl, gen movèz tou. Rapid rapid, Sacha gentan rele Djeri pou li di
konsa :
-
Djeri ?
-
Wi, alo, Sacha, kisa’w genyen?
-
M dekouvri sekrè ou pa’t vle di m nan
tande ?
-
Kisa ? Kisa ?
-
Mèsi paske’w te kache m li. M te di’w
tout verite men ou pat fè sa.
-
Kisa Sacha ? Di mwen.
-
Nido gen yon pitit e ou pa dim sa?
-
Nido ? Yon pitit ? Di’w
sa ? men…men kilès ki di’w pawòl sa
Sacha ?
-
Yon moun ki konnen Djeri.
-
Waw, men mwen pa rive kwè se vre
Sacha.
-
Se nòmal pou’w pa kwè paskese
zanmi’w. Ou t’ap toujou pou li.
Imedyatman Sacha fin pale ak Djeri, Nido rele Djeri.
-
Yow,
mwen delivre wi patnè’m. Nido di li.
-
Kòman
ou delivre a?
-
Monchè, daprè sa m sot aprann la nan bouch Ema, pitit la
pa pou mwen.
-
Bagay serye ?
-
Jan’w tande a zanmi m.
-
Mwen kontan men malerezman li twò ta, paske Sacha fèk
rele m la pou li dim li konnen ou gen yo pitit.
-
Kisa ? Kilès ki di li sa ?
-
Mwen pa konnen.
-
Oke, oke, pa gen lòt moun ke Nadin k’ap di koze sa a. Ou
mèt kwè mwen.
-
E kòman Nadin fè konnen yon bagay konsa Nido ?
-
Bon, li konnen Djeri.
-
Nido, ou nan pwoblèm zanmim.
-
M poko konnen lè’m pa nan pwoblèm nan non Djeri. Chak fwa
mwen panse ke sa pral fini, se atò sa kòmanse. Franchman, mwen bouke ak koze
sa. Koulye a kòman mwen pral fè pou’m konvenk Sacha ke se pa vre ? Anplis,
l’ap kwè Nadin nan sikonstans li vin dekouvri sa.
-
Tèt chaje. Antouka zanmi’m, mwen poko wè kòman mwen pral
ede’w la a non paske sa konplike. Men ou te ka mande Ema pou li pwouve li ke se
pa vre Nido.
-
Wi, se yon bon ide men li entèdi mwen pale ak li, e sa ka
lakoz anpil dega paske papa pitit la ka vin sispèk.
-
Sa a se sèten.
-
Oke,
men sa w’ap fè. Ou ka voye nimewo Sacha a pou mwen.
-
Sa dwòl wi pou yon nèg gen menaj li li pa gen nimewo l.
-
A monchè, dat m pa sèvi ak telefòn.
-
Oke, m’ap voye l ba ou pas ms.
-
Dakò.
Kèk minit apre, Sacha dekwoche telefòn li an ki t’ap
sonnen.
-
Alo ?
-
Alo bonswa.
-
Bonswa, se kiyès silvouplè ?
-
Se Nido Sacha, koulye a ou bliye vwa mwen ?
-
Ki enpòtans sa genyen pou’m raplem de vwa ou ?
Okontrè si’m te ka pat janm tande li, m t’ap kontan pou jan m pa vle wè’w.
-
Sacha sa’w panse a se pa sa non.
-
Kisa’m panse a ? Ou gen yon pitit epi ou te vin
koze’m tout dega sa yo Nido ?
-
Non Sacha, se pa vre. M fèk sot aprann ke se pa vre.
-
Abon, (rii) ou fèk aprann sa menm jan mwen menm mwen fèk
aprann ke ou genyen l.
-
Oke, Sacha si ou
vle n’ap pran yon randevou pou n pale, ou dakò ?
-
M’ap reflechi aprè m’ap rele’w.
-
Tanpri, m’ap tann ou ak enpasyans.
Aswiv
Jerome Dorsonne Emerson
(Si ou se yon manb abone, ekri nou nan 3639-6642 pou yon enfomasyon enpotan ki konsene selman manb abone yo).
Aucun commentaire:
Publier un commentaire